Amwaz se yon plant yo itilize depi plizyè syèk nan divès pratik medsin tradisyonèl. Men kèk nan benefis potansyèl li yo
1. Pwopriyete dijestif :
Yo souvan itilize amwaz pou soulaje pwoblèm dijestif, tankou gonfleman, gaz ak doulè vant fè mal. Li ka stimile apeti epi favorize dijesyon.
2. Konbat enflamasyon :
Kèk etid sijere amwaz gen pwopriyete anti enflamatwa, sa ki ka ede diminye enflamasyon nan kò a.
3. Fòtifye sistèm defans:
Amwaz ka ede konbat kèk bakteri ak chanpiyon, sa ki ka fè li tounen yon remèd natirèl pou kèk enfeksyon.
4. Jere dezòd manstriyèl :
Nan medsin tradisyonèl, yo souvan itilize amwaz pou ede regle sik menstriyèl lakay fanm ak soulaje doulè règ yo.
5. Efè kalman :
Yo itilize kèk varyete amwaz pou ede diminye anksyete ak strès lakay moun.
6. Antioksidan:
Amwaz gen konpoze antioksidan ki ede neytalize radikal lib nan kò a, sa ki kontribye nan pwoteksyon selil nan kò a.
7. Itilizasyon nan aromatapi :
Yo pafwa itilize lwil esansyèl amwaz nan aromatapi pou efè kalman ak relaksan li yo.
